Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bonswa tout moun. M espere nou anfòm !

Mwen chwazi ekri mesaj sa aprè yon bon moman refleksyon sou avni chak jèn nan peyi sa. 

 

Tout moun ka temwanye jan lavi nan peyi sa se yon reyalite tèt anba. Mizè ap ogmante chak jou, bandi pa sispann kidnape moun, plante moun chak jou, moun rayi w pou dan griyen paske lanmizè fèmen je yo sou eta yo pou yo tonbe nan koze w... Nan yon sans, nou wè lavi nan peyi nou vin san sans.

 

Lè m kontinye reflechi, m wè legliz ap ogmante nan peyi a, moun kontinye ap konvèti, misyon, evanjelizasyon, kwazad ak lòt aktivite pou keyi moun antre legliz pa janm sispann.

 

Mwen reflechi toujou, mwen mande tèt mwen kisa ki fè malgre legliz nan monn nan, imoralite, krim ak lanmizè, elatriye pa janm sispann taye banda bò kote nou.

 

Mwen voye je m gade lekòl la, mwen wè l chita sou pale fransè, sou resite epi sou etidye yon bann koze ki pa nan reyalite nou. M ap mande poukisa pa gen entelektyèl ayisyen ki chita sou fenomèn ki egziste nan peyi a, transfòme yo an syans epi travay sou yo... Li t ap enteresan si gen travay ki te fèt sou konbit pou rann li syantifik pou etidye l e aplike l ak plis metòd ; li t ap enpòtan tou si moun ki gen gwo konesans yo nan domèn administrasyon an travay sou zafè sabotay, sòl,... pou anseye yo lekòl kòm reyalite peyi nou.

 

Mwen rive konprann lekòl la pa bay rezilta men l fòme kèk moun ki vin ap panse sou pwoblèm yo. Alòske legliz la non sèlman l pa bay rezilta kòm sèl ak limyè, men tou li defòme moun, li fè yo pa renmen peyi (sou pretèks se paske n te mal pran lendepandans ki fè nou la).

 

Lè legliz wè bagay yo makawon, tout moun tonbe priye. Nou priye anpil, nou fè mach, anyen pa mache. Nou di Bondje ka fè tout bagay, jiskaprezan li pa fè anyen pou Ayiti (si l fè yon bagay, w a di m sa l ye).

 

Nou kwè pou nou sove nanm nou, m pa gen pwoblèm ak sa. Men ann reflechi, ann chache konprann, ann chanje diskou pou n sove Ayiti.

 

Mwen pwopoze nou chavire bò kote lasyans pou n chita sou lavni nou pa bò isit. Ann fè plis fòmasyon nan legliz (bon jan fòmasyon). Ann favorize fòmasyon ki ka devlope kapasite nou pou n fè analiz epi pou n kapab transfòme reyalite a. Ann chita sou pwoblèm yo youn pa youn pou reflechi sou yo, pou n pote solisyon.

 

Mwen ta renmen nou sispann repete “Ayiti pap peri” pandan n ap travay pou n fè l plonje paske n pa moun isi ba (nou se pèleren). Ann sispann patisipe nan ogmante lavi chè ak tout zak kòwonpi pou mete peyi a deyò !

 

Mwen oblije ekri tèks sa pou m di sa k ap travèse m !!!!

 

 

Judenel Jean 

Jiris, etidyan nan sikoloji, kominikatè, blogè

jeanjudenel317@gmail.com
43417342/40935003/38046341

Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :