Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Aprè premye mesaj te voye pou legliz la (http://garry-fleurimond77.over-blog.com/2022/05/e-si-bondye-te-pale-avem.html ) , jodya mwen vìn pote yon mesaj pou nou, men fwa sa, se sou sa ki gen rapò avèk levasyon pa bò isit.

 

Pèp AYISYEN, louvwi zorèy nou byen gran pou tande sa map di nou.

 

 

Lekòl, se tout enstitisyon  ki mete ansanm 3 konpozan sa yo: yon moun ki ap apwann (elèv), yon bagay moun nan ap apwann (konesans) avèk yon moun ki ap ede moun kap apwann nan byen asimile sa lap apwann nan (pwofesè). Nan kèk ka, nou konn jwenn sèlman 2 eleman : elèv avèk konesans. Ki vle di, nan mesaj sa, lekòl pa vle di sèlman kote timoun antre nan preskolè oswa premye lane pou soti nan filo oswa segondè 4, men se tout sa ki gen rapò avèk transmisyon konesans, kote 3 eleman yo reyini an.

 

 

Nan fason elaji, lekòl lan pwal genyen yon bann lòt eleman, tout elemen sila yo konekte antre yo, sa ki pwal fòme yon sistèm. Sistèm sila genyen ladan: elèv, pwofesè, paran, medya (radyo, televizyon, jounal ekri, rezo sosyal yo) avèk leta. Ki vle di, rezilta nan sosyete a avèk nan peyi an ap depann de yon travay nan tèt kole e nan menm objèktif avèk tout elemen sila yo.

 

 

Avan mwen di nou ki wòl chak eleman yo nan sistèm nan, map raple nou misyon lekòl nan sosyete, paske nou konnenl deja: lekòl lan genyen pou misyon:


1 - Ede endividi an poul vìn yon moun akonpli (gade pou nou wè, tout zannimo yo resevwa depi lè yo fèt yon mwayen pou
 defann tèt yo, men moun, mwen ba yo konesans (le feu sacré).


2- Fòme bon sitwayen pou peyi an (lekòl lan dwe fòme moun ki pou byen antre nan sosyete a e ki dwe gen konpetans pou rezoud pwoblèm sosyete an).

 

 

Ann gade ananm wòl chak eleman ki konpoze sistèm lekòl lan.


Elèv: Wòl elèv lan se pou li enplikel nan apwantisaj lan, ki vle di, li dwe dispoze e disponib. Paske se pa pwofesè an kap apwann ou, pwofesè la antanke yon gid pou eveye lespwi e gide lespwi nou. Fòk nou sou sa.


Pwofesè: Ou la pou gide elèv la, pou ede elèv lan idantifye e itilize kapasitel, ede elèv lan devlope entelijans li, ede elèv konpwann e akomodel avèk reyalite lap viv lan, lè sa elèv lan ap apwann pi byen e lap ka aplike pi byen tou. Pwofesè an dwe avan tout bagay, konnen sa lap ede elèv la konnen nan.


Direksyon : Direksyon an li menm, li la pou dirije levasyon an. Planifye dewoulman pwosesis levasyon an, sipèvizel e toujou gade nan ki mezi li kapab fè sa fèt pi byen.


Paran: Paran yo, tanpwi, pa mete nan tèt nou depi nou peye lekòl lan tout bagay fini, li pa sa. Nou menm tou nou se yon faktè trèzenpòtan nan pwosesis levasyon an. Avan menm timoun nan ale lekòl,  li deja apwann yon bann bagay nan men nou, e malgresa li ale lekòl, li kontinye ap apwann nan men nou, lòt bagay,  se avèk nou timoun nan pase plis tan.
Paran an dwe enplikel nan levasyon elèv lan, sitou nan sa ki gen pou wè avèk transmisyon moral avèk valè sosyete a. Paran an dwe reprezante premye sistèm koreksyonèl nan lavi timoun nan / elèv la.


Medya: Moun ki nan medya yo, èske nou te konnen nou pa yon elemen san siyifikasyon nan lekòl la? Nou rive sou moun yo pi fasil e pi rapid e nou pa menm mande moun nan sil vle swiv ansèyman nou ap bay la. Wòl nou se fòme avèk enfòme.


Leta : Leta AYISYEN gen pou travay, planifye yon lekòl pou ayisyen, yon lekòl kap fòme moun pou rezoud pwoblèm AYITI.

 

 

Men se kisa mwen wè?

Mwen wè yon leta ki pa bay okenn atansyon avèk lekòl, yon leta ki lage nan fè pwomosyon pou sa ki ap detwi avni peyi an, yon leta ki lage lekòl pitit li nan men peyi letranje, yon leta ki lage nan vann egzamen, yon leta ki fè konplo avèk lòt peyi pou kraze lekòl peyil.

 

 

Mwen wè kijan lajan avèk view fè medya an pwan plezi nan travay pou fini avèk kwasans entelektyèl nan peyi an. Kijan jounalis ap bay nouvèl san okenn verifikasyon, kijan moun kap itilize rezo sosyo yo pwan plezi pou detwi zanmi avèk frè yo. Mwen wè kisa medya isit ap pwomote, bagay ki ap detwi tout jèm konesans nan lespri pèp la. 

 

 

Pou paran yo menm, se tèt fè mal. Map gade kijan paran ayisyen yo dezòdone. Paran yo bliye si devwa yo se pou byen leve timoun nan, men pafwa mwen wè se timoun yo ki ap leve paran yo. Paran yo kòmanse bay timoun yo egzijans pou ba yo lajan depi byen bonè. Sa ki pwal lakoz paran an sispann paran. Genyen ladan yo tou ki sitèlman vle gen kapasite pou rezoud pwoblèm timoun nan, yo vìn pa gen tan pou reponn avèk  lòt bezwen timoun nan, tankou: afeksyon, edel chwazi zanmi e konnen kiyès ki zanmi pitit ou, edel konnen e konpwann ke lavnil depann de li..., nan finisman, paran an fè kòve. Paran 2000 yo, nou la? Si delenkans timoun avèk jèn ap ravaje peyi an konsa, se fot pa nou. 

 

Direksyon lekòl yo, lekòl pwofesyonèl yo avèk dekana inivèsite yo  se konesans nap bay oswa se mwayèn avèk diplòm nap vann? Elèv pa jwenn pwofesè, pafwa sa yo jwenn yo konn pa menm konpetan, menm lè yo jwenn ki konpetan yo pa dispoze pou apwann, men chak ane chanje yo nan yon lòt klas. Chaje lekòl pwofesyonèl isit, men se enpòte nap enpòte bòs plonbye, bòs elektrisyen, elatriye. Poukisa pwofesè an pa vle pa etidyanl fòme pitit li? Inivèsite menm, se kote ki gen plis dezòd, plis enstabilite nan peyi an, poutan li ta sipoze yon vektè moral nan sosyete an. Dirijan ki plis sou jere travay yo ke fè travay yo, nan tout sa, se etidyan ki vìn peye po kase a. Etidyan ki pi entèlijan yo tonbe nan fè kou, nan bay etidyan parèy yo mato. Al gade konpòtman etidyan ki nan komite festival, komite gradyasyon yo, na wè koze.

 

Pwofesè yo, map pale avèk nou.
Konbyen fwa ou poze tèt ou kesyon pouw mande èske sa wap bay la ou genyenl?
Èske atravè ansèymanw yo genyen elèv avèk etidyanki ka rive grandi e dekouvri kiyès yo ye tout bon?
Yon pwofesè se yon moun ki ta dwe yon modèl, yon egzanp, yon moun pou elèv ou ta anvi vini menm moun ou ye a. Apre sa ki gen rapò avèk ansèyman entelektyèl e pwatik wap bay, ki reprezantasyon ou genyen nan je moun wap fòme yo?

 


Elèv yo,  etidyan yo
Nou pi plis, nou gen plis kouraj, nou gen plis posiblite pou apwann e kreye, nou ka fè pi bon bagay pase ansyen yo. Se pa moman pou nou chita nan pwan plezi, se pa lè pou nou plis kwè nan fè mwayen ke apwann, se pa lè pou nou plis kanpe sou plezi ke apwann. Avni peyi an ta dwe repoze sou nou, men jan nou pwale la, ta sanble pap gen espwa.

 

 


Leve, retire dòmi nan je nou lajenès, jenerasyon ki te fè 1804 la pat genyen ase bagay entelektyèl e teknik ke nou genyen konnya, kidonk nou ka fè plis pase yo. Nou pa gen poun goumen kont yon mèt, yon moun kap fè nou sibi move trètman nan kò nou, men nou gen poun fè yon revolisyon kont nou menm. Kote nou pwal pwan konsyans ke nou se ayisyen e se sèlman Ayiti ki pou ayisyen. Ayiti pa gen pwoblèm legliz (genyen an kantite deja), pa gen pwoblèm lekòl e inivèsite non plis. Nou dwe goumen pou yo efikas. Se pa nòmal pou se sa ki di nan lari an ki antre nan lakou lekòl e nan lakou inivèsite yo, wi dwe gen yon dyalòg ant inivèsite an e lari an, men se pa inivèsite an ki dwe ap pwan leson nan men lari an. Fòk nou chanje lekòl sa, fòk nou chanje moral sa tou, sil pa pote rezilta isit, se paske li pa apwopriye avèk isit. Ayiti bezwen yon moral ayisyèn.》

 


Mwen se Dye, sila ki inik lan, sila ki pa gen okenn jèm rasis lakay li an, mwen  pa vìn di nou map touye oswa voye malediksyon sou nou, mwen pa yon Dye mechan. Mwen renmen nou ayisyen, nou se youn nan pèp sou latè ki jwenn anpil gras nan jem, men mwen pap ka chanje peyi an pou nou e mwen poko janm fè sa pou okenn pèp sou latè. Dayè, mwen vide entelijans mwen sou nou menmjan mwen fè sa pou anpil lòt pèp. Chache apwoche nou pi prem, mwen pa lwen nou, mwen la, anndan chak grenn nan nou. Mete nou chimen lasyans, teknik, teknoloji epi kreye yon konsyans ayisyèn, konsa nou va rive kontwi peyi nou.


Dènye mesaj lan se va pou sitwayen yo.

 

 

Kap Ayisyen, 18 jen 2022

Garry Christopher Fleurimond

Ayisyen,Sikològ, Pwofesè, Blogè

Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :