Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

E si Bondye te pale avèm?

Sa gen lontan nou tande Bondye ap pale avèk moun pa bò isit, mesaj sou mesaj, avètisman sou avètisman, men kondisyon moun ap viv isit ap degrade pi plis a chak jou ki pase. Nou menm rive nan yon pwen kote anpil moun isit, se kouri byen lwen, ale nan mawon sou lavi yo e pou asire lavni pitit yo.

 

Nou pap vìn jije mesaj okenn moun pou di se Bondye oswa se pa Bondye ki konn voye. Men...

 

Men..., ann vanse!

Si Bondye ta genyen yon mesaj pou voye pou Ayiti, me ki mesaj li ta va ye.

 

"Pèp ayisyen, nou se kreyati mwen e pitit mwen. Se mwen menm Bondye ki te pote nou sekou lè gwo chabwak te debake pa bò isit nan lane 1492 pou vín toumante lavi nou. Se mwen menm ki te bay plizyè nan Kasik yo fòs pou afwonte panyòl yo. Se mwen menm ki te akonpanye zanzèt nou yo nan batay kont kolon yo. Koute sa map di nou!"

 

Legliz, premye mesaj lan se pou ou
Mwen kòmanse avèk nou menm paske nou gen plis moun kap swiv nou nan peyi a, e anplis se nou menm ki toujou ap pale, nap di se mwen menm ki voye nou.  Tande sa map di nou:


Mwen konplimante nou pou volonte nou genyen pou ede pèp la avanse bò kotem, sa gen lontan nap eseye men volonte a pa bay gwo rezilta, paske manke gen moun ki konpetan nan gouvènay legliz la.

 


Legliz lan pa ta dwe dirije avèk  moun ki vle, men se moun ki gen kapasite e moralite pou enfliyanse fidèl yo pozitivman. 
Fòk moun kap dirije legliz la gen lanmou pou mwen (Dye) e lanmou pou fidèl yo tou.
Fòk moun kap dirije legliz lan trete fidèl yo tankou moun, men se pa tankou yon gwoup kabrit, oswa yon goup esklav pou eksplwate.
Fòk moun kap dirije legliz  lan gen kapasite pou idantifye kapasite moun ki nan antouraj li yo, ede yo itilize kapasite sila yo pou byen yo e pou byen legliz la, tankou nou toujou ap di, chak moun gen yon don/talan. Anplis, legliz lan dwe yon espas kap ede fidèl yo grandi sou pwen espirityèl, sosyal, finansye e politik tou.

 

Legliz la egziste tou, pou fè pwomosyon pou bon pwatik ki chita sou moral, legliz lan pa dwe ap voye move imaj pou fini avèk repitasyon'l nan sosyete a.
Legliz lan la tou pou pwan pozisyon pou defann sila ki pi fèb yo, sila ki pa kapab yo, mas pèp la. Mwen sezi lè m gade yon seri de moun ki soti anndan legliz ki pase nan gwo fonksyon nan peyi an, men se imoralite sèlman yo kite dèyè yo. Map pwofite di nou sa:《mwen pa rekonèt moun sa yo》."

 

Legliz lan dwe angajel nan batay pou chanje eskanp figi peyi an. Men batay sa pwal kòmanse anndan legliz lan avan, kote:
Lidè legliz yo ap genyen yon plan pou devlope moun ki nan legliz lan (fidèl yo). Paske, depi moun yo devlope,  legliz lan ap devlope e peyi an ap devlope tou.
Devlòpman sila ap touche yon seri de pwen santral, tankou:
- pou moun nan pwan konsyans de egzistans li antanke moun e responsablite li genyen fas a avnil sou latè
- pou moun nan konnen ki misyon li genyen pandan lap viv sou tè sa e nan kò sa
- pou moun nan konnen li ka enfliyanse anviwònman lap evolye a menmjan anviwònman an gen enfliyans sou li tou
- pou moun nan konnen richès materyèl pa yon fatalite, men se rezilta travay.
- ou moun yo konnen se nan travay avèk bon jan estrateji e pwensip richès chita
- pou moun yo konnen Dye ap ede yo, men li pap pwan plas yo
- pou apwann moun li avèk ekri, se pa chante priye sèlman 
- pou apwann moun yo renmen youn lòt e gen lanmou pou peyi a.

 

Fidèl yo menm, mwen gen mesaj pou nou wi!
Sispann pèdi tan nou nan bagay ki pa gen okenn rapò avèm e k'ap anpeche nou devlope. Se pa tande mpa tande enpe nan lapriyè nou yo non, men nou pa kreye okenn aktivite pou mwen beni nou ladan. Gade nan antouraj ou, yon goup moun ki di yap sèvim depi yo jenn epi kondisyon lavi yo pa janm amelyore! Se pa paske mwen pa gen kapasite pou chanje lavi, se paske yo menm yo pa manifèste okenn volonte pou sa, yo kite moun ap pwan tan yo nan yon seri de aktivite ki pap rapòte e lavi espirityèl yo, e kondisyon lavi yo sou latè. Apre mwen te fìn kreye moun avèk tout bagay, mwen te plase yo nan yon jaden pou yo travay, se pa pou adorem, chante avèk lapriyè sèlman, men te genyen travay ladan tou. Lèw chwazi pa travay oswa neglije travay ki ka baw pen pou manje, se mwen menm ou dezonore.

 

Gade byen, pa gen okenn peyi ki devlope gras a mirak, men se avèk angajman chak grenn sitwayen.

 

Si nou tande sa mdi nou e mete yo an pratik, nap genyen yon legliz ki fò, nap sispann reprezante yon danje oswa yon menas pou devlòpman moun e pou devlòpman peyi a.

 

Rete branche, pwochen mesaj la se va pou lekòl.

 

Moun ki ekri tèks lan se:

Garry Christopher Fleurimond

Sikològ, istoryen, pwofesè istwa avek jewografi, yon relijye (moun ki kwè nan egzistans Dye).

Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :