KISA ZEN SÈ LEGLIZ LAN YE
Se pa nidite sèvant lan ki pwan reso sosyal, men se nidite legliz ki anvayi rezo sosyal yo. Jan nou ap swiv denyè jou sila yo, yon jèn sè levanjil anvayi galri telefòn pèp lan kote li ap byen pèfome.
Nan atik sila wap gen chans konpwann kisa ki pase e poukisa nou di se pa zen sèvant lan, men se zen legliz la ki pwan lari.
Pou edew konpwann pozisyon nou an, nap gade ansanm pwen sila yo youn apwè lòt: kisa zen an ye, kisa ki rann li espesyal, pozisyon legliz sou sèks, pozisyon labib sou sèks, poukisa nou di se zen legliz, e kisa legliz ka fè.
Kisa zen an ye?
Se yon jèn fiy ki genyen ant 16 a 19 lane ki filme kote li ap fe sèks avèk yon jèn gason aparaman ki lejèman pi gran pasel, epi boom videyo sila yo ateri sou rezo sosyal.
Poukisa sa genyen tout anplè sila?
Se pa premye fwa moun ap fe sèks, ni tou se pa pou premye fwa videyo pònografik moun nan kominote ayisyèn nan ateri sou rezo sosyal. Men, ka sila espesyal, se sa ki koz li atire tout atansyon sila yo sou li. Ann gade ansanm patikilarite zen sè levanjil la.
1- Li se yon moun ki fiyanse
Ki vle di, li genyen yon lyezon santimantal avèk yon gason ki ofisyalize devan: fanmiy (fanmiy li e fanmiy fiyanse li), zanmi, moun ki mache nan menm legliz avèk yo, e chak grenn moun ki kotwaye l. Sa ki vìn lakoz, se pa selman yon kesyon de yon jèn fiy ki ap fè sèks men se yon jèn fiy ki ap twonpe menaj li.
2- Li se yon kretyen
Yon relijyon ki fè kwayan (adèp) li yo kwè yo menm se sèl avek limyè pou monn lan, yo dwe mennen yon vi egzanplè. Pou kretyen yo, yo menm se pi bon moun ki sou latè, sa fè yo pa dwe mele avèk payen. E payen yo pwal boule nan lanfè, paske yo pa viv dapwè volonte Bondye. Se sa ki pwal koz kominote moun nou rele payen yo pwal pwan zen sila pou yo, pou antre tout pye yo ladan, danse ladan. Epi tou, gen yon gwoup moun legliz, majorite jèn, ki pwal itilize zen an pou bay tèt yo rezon le yo te vle vini avèk edikasyon seksyèl nan asosiyasyon jenès yo e otorite legliz yo te kanpe an kwa. Zen sa vìn tankou yon twofe pou moun sila yo.
Kisa legliz di sou sèks?
Si sèks (koyit) lan pa definisyon se: accouplement d'un mâle et d'une femme, dans les genres humains et animaux, en vue de la procréation, mais aussi du plaisir (Internaute). Men legliz lan pwal gadel sou yon ang ki sakre anpil, epi yo vin mete baliz kote se moun ki marye ki gen dwa fèl. Siw pa marye ou fèl, se yon gwo peche ki ka menm lakoz ou pedi nanm ou.
Kisa labib di sou sèks?
Labib pa pale de sèks tankou yon sijè menmjan li pale de kèk sijè tankou: lanmou, lafwa, padon elatriye. Sa ki vìn lakoz pa gen ase eleman biblik vre pou pale de sèks (kisal ye, kiyès ki dwe fèl e kijan yo dwe fèl). Men teyolojyen yo pwal fè jimnastik avèk kèk vèsè pou fe alizyon avèk fònikasyon (mo ke yo menm ankò envante, paske li pa mansyone nan bib lan).
Ann gade ansanm vèsè sila yo e eseye konpwann yo.
Enpidisite
Quelque autre péché qu'un homme commette, ce péché est hors du corps; mais celui qui se livre à l'impudicité pèche contre son propre corps (I cor 6:18).
Kijan mo enpidisite an defini?
Sens 1
Religion
Caractère du vice allant à l'encontre de la morale sexuelle.
Sens 2
Absence de discrétion et de pudeur.
Donk, enpidisite an pwal enskri nan yon kad moral, ki di pale de moral, se pale de yon sosyete byen espesefik, paske yon konpotman seksyèl kapab moral nan x rejyon, epi li amoral nan yon lòt rejyon. Nan 2èm sans lan, se lè pa gen okenn diskresyon nan pwatik seksyèl (egzibisyonis, moun bouch pale yo).
Labib pale tou de dezi lachè ke nou pa dwe soumèt anba yo : Galates 5
16 : "Je dis donc: Marchez selon l'Esprit, et vous n'accomplirez pas les désirs de la chair. 17Car la chair a des désirs contraires à ceux de l'Esprit, et l'Esprit en a de contraires à ceux de la chair; ils sont opposés entre eux, afin que vous ne fassiez point ce que vous voudriez."
Ann tou gade avèm kisa zèv lachè yo ye: inconduite sexuelle, impurete, débauche, idolatrie, sorcellerie, hostilites, disputes, passions jalouses, fureurs, ambitions personnelles, divisions, dissensions, envie, beuverie, orgies et autres choses semblables (19-12, louis segond).
La ankò nou pa jwenn anyen ki klè sou pwatik sèks lan.
Ann fe yon ti gade avèm pwen sila byen espesifik: Nou pa dwe soumet anba dezi kò an. Bib lan pa di nou pa dwe satisfè dezi kò an, men li di nou pa dwe soumèt anba yo. Ki vle di, nou pa dwe esklav yo, nou pa kite se yo menm ki kòmande nou. Se pa selman anvi fè sèks ki dezi kò an, anvi manje, anvi bwe dlo, anvi jwenn yon espas oswa yon rad pou chofe kòw tou, fe pati de dezi kò an. Apot Paul te vle apwann fidèl yo pou yo pa toujou reponn nan imedya a bezwen kò an lè yo pa an mezi pou reponn a bezwen an nan moman an oswa si espas lan pa konvenab pou sa.
Poukisa nou di zen an pa zen sevant lan, men se zen legliz an jeneral?
Zen sila mete pwojektè sou anpil pwatik moun ki anndan legliz yo genyen e yo ap kritike payen yo pou menm pwatik sila yo. Yo jere bagay yo antre yo, men tout moun ki anndan an konnen, sofke youn pa vle pwan devan pou pale pawòl lan. Ka pa sèvant lan pa yon ka izole, e nou kapab di se yon ti pwent nan yon resif ki parèt nan mitan yon lanmè.
Poukisa mwen ba legliz an jeneral responsab zen sila?
1- Legliz lan pa teni kont de aspè endividyèl moun yo. Otomatikman ou la, ou se yon kretyen, ou dwe viv dapwè labib e pwensip ke yo menm yo mete. Kit wap alèz, kit ou pap alèz, sa pa regade yo. Sa ki pwal koz moun nan vìn ipokrit anpil, e se yon obligasyon pou w ipokrit pou w ka jwenn plas ou anndan sistèm sila.
Gen atis siw renmen, se nan sere pouw koute mizik li, gen rad ou renmen, se nan sere pouw metel, pafwa ata menm opinyon politik ou ou oblije kache sil pa ale nan menm sans avèk opinyon moun kap dirije legliz lan (mwen konnen byen sa mwen di an).
2- Legliz neglije yon ansanm de eleman enpòtan moun nan ap bezwen pou amelyore byennèt li. "Ce n'est pas moi qui vit, c'est le christ qui vit en moi" , sa ki pwal pouse nou itilize yon seri de mekanis de defans a chak fwa nou pa ka rive fè sa nou anvi fè an, oswa rezoud yon bezwen nou genyen. Pito'm soufwi olye mwen pèdi, kilès ki konnen pri yon nanm, li pi fasil pou yon chamo pase nan yon je egiy olye yon moun rich antre nan wayòm syèl la. Genyen moun avègleman kap renonse a tèt li poul swiv jan dirijan yo mandel la, genyen lòt ki pwal debouye yo nenpot jan pou fè ekilib ant sa yo vle e sa legliz la vle, sa ki pwal akouche: moun nan legliz lap jwe daza, li nan koze maji, mari sè x aletranje, men an kachèt lap distrèl avèk frè entèl oswa kèk ti bredjenn, gen jèn fi ki fèl analman pou kenbe vijinite yo pour le grand jour, e gen lot ki lage kò yo nan lari an, janl soti li soti.
Mwen raplem yon fwa mwen te nan yon etid biblik e pastè an te abode tèm fònikasyon an, nan faz kesyon, mte entèvni konsa:
Depi mpiti nou ap pweche sou fònikasyon, men sa pa anpeche nou toujou ap marye jèn ansent, ki vle di, pwèch yo pa anpeche jèn yo fonksyone. Èske li pa tap pi bon si nan yon lojik devlòpman moun, nou ta akonpaye jèn yo, yon fason pou redwi konsekans fonksyone an? Nou tap di: labib pa diw fèl, men si wap fèl men kijan pouw fèl.
Pastèm te reponn mwen sechman:<< se labib nap swiv>>.
3- Pa gen sentespwi nan legliz yo.
Nan nesans legliz lan, koup Ananyas e Safira te tante bay manti nan legliz lan e a sentespwi, ebyen yo te mouri la menm (actes 5:1-11). Ou pwal dim se sou lagras nou ye. Map diw se nan dispansasyon sentespri an aksyon sila te pase, donk se sou menm moman lagras nou ye an bagay sila te pase. Èske sentespri an la jodya pou selman di oups, alelouya, jesus, vole, ponpe?
Mwen gade videyo yo, e mwen gade yo plizye fwa. Nou wè avèk ki abilite sevant lan ap pèfòme, se pa bagay amatè ditou, men se yon bon profesyonèl, yon moun ki konnen e metrize sa lap fè an. Ki vle di, gen posiblite pou sevant lan gen plizyè ane eksperyans depi lap pèfòme, sinon li pa tap bay pèfòmans nou ap gade la, e nou pa konnen depi kilè videyo sila yo te anrejistre. Men li te toujou ap chante pou Bondye, ap adore Bondye, okenn moun pat ka wè sa, okenn moun pat rive fè revelasyon sou lòt kalite pèfòmans sèvant lan konn bay. Poutan wap jwenn nan moun sila yo kap fè revelasyon chak jou sou Ayiti, sou kijan peyi an pwal ye.
Zen sila mete nidite legliz sou entènèt pou tout moun ka gade kijan legliz lan toutouni. Afòs legliz lan ap kouri dèyè lajan avèk pouvwa, nou vìn neglije bondye, nou neglije byennèt moun yo, nou oblije moun nan ap viv nan ipokrizi kote li paka eksprime vrè pèsonalitel.
Nou swete pou legliz resezi yo e gade reyalite an anfas. Nou tout konsyan ke bib ki nan men nou an, pat ekri nou nou, e li dènye pati ladan an genyen anviwon 2000 lane depil ekri, ki vle di li pa teni kont de reyalite ke nap viv nan moman sa. Menmjan nou fè yon gwo konsiderasyon sou zafe dim nan, ki biblikman esansyèlman agrikòl men nou ranje kò nou menm pa monnaie electronique nou touchel konnya, menmjan nou genyen konsiderasyon sou rezo sosyal yo, kote nan komansman nou te di se bagay djab men konnya chak legliz genyen kont facebook, tiktok to, se moman pou nou fokis sou fidèl yo, sou byennèt yo, kote pou nou apwann jere yo ka pa ka, kote legliz dwe plis fokis sou kisa ki ka fe sè x byen olye de kijan sè x dwe viv. Ansswit, nap ka rive jwenn Bondye, jan bib lan di an, ou paka di ou renmen Bondye ou pa wè, pandan ou pa renmen frè avèk sè ou wè an. Renmen moun yo vle di gade avan tou sa kap fè moun nan byen olye nou rete fokis sou kisa li pa dwe fè. Nou pap fè pwomosyon pou enpidiste, men nou vle legliz rebat kat la, pa sèlman sou lavi seksyèl manm yo, men sou byennet yo an jeneral.
Garry Fleurimond
Psychologue
Educateur
garryfleurimond@gmail.com
Cap-Haïtien, Haïti