Si papam te bondye
Mwen tap youn nan moun ki pi rich nan monn lan
Mwen tap jwenn tout sa mwen mande
Mwen tap alèz pou viv Ayiti, paske papam konnen kijan mwen renmen peyim
Si papam te bondye
Mwen pa tap mandel, paske li toujou konnen kisa mwen plis bezwen nan tèl moman presi san mpa dil sa
E lè mwen mandel, mpa tap bezwen gen lafwa pou resevwa sa mwen mande an
Si papam te bondye
Zanmim yo tap gen bon mwayen pou byen viv, paske papam konnen kijan mwen vle pou tout zanmìm viv byen
Papam pa bondye
Men li plis pou mwen ke bondye ki nan relijyon an, paske:
1- li renmen'm malgre tout bagay, li pa konsederem tankou yon pechè ki dwe goumen an pèmanans pou ka antre nan prezans li
2- li banm plis ke sa li ka ofwim, pandan li pa genyen anyen
MWEN PA KONNEN POU PAPAW, MEN PAPAM SE YON PAPA
Mwen reve devni yon papa tankou'w!