Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Dye enpisan, satan toupisan oswa se lòm ki twò pisan?

Depi avan nou te rive isit, latè te toujou konnen yon seri de moman difisil, pafwa yo pote gwo kou fatal avèk planèt lan, pafwa se anvè atmosfè an, e souvan yo kou sa yo konn rive touche espès moun nan dirèkteman (inondasyon, epidemi, tranbleman tè, lagè elatriye). 

Anpil moun, an fonksyon de konsepsyon yo konn poze yon seri de kesyon pou rive jwenn e konpwann rezon ki koz jan de sitiyason sila yo rive. Repons chak kesyon sila yo pwal dekoule an fonksyon de atachman filozofik moun ki pozel lan. 
Pou sila ki plis kwayan yo, sitiyason sila yo konn dekoule, swa de yon jijman diven, swa de yon atak ki soti bò satan kont latè oswa moun, oswa akonplisman yon pwofesi.
Genyen lòt ki eseye rasyonèl, ki pwal avanse avèk kèk teyori, chak aksyon genyen yon konsekans, menm aksyon yo ap bay menm konsekans yo nan menm sitiyason yo.
Genyen yon lòt kategori minoritè ki eseye itilize yon demach ki pwal plase moun nan sant yon seri de fenomèn. E se demach sila ki pi enterese nou.

  • Èske se pinisyon Dye oswa paske li enpisan ki koz latè ap konnen yon seri de moman difisil?
  • Èske se paske satan genyen twòp pouvwa ki fè lap boulvèse latè?
  • Èske se moun ki gen kontwòl latè vre?

 

​​Pou Dye avèk Satan, nou pa genyen gran detay pou nou avanse avèk egzaktitid, sa nou ta va di yo pwal dekoule de sa lòt moun di osinon rezilta imajinasyon nou, nap evite antre nan paj sa. Sèlman sa nou kapab di, yo vann nou Dye tankou sila ki bon an e Satan sila ki mal la. Nou kapab di tou Dye se pwensip byen e Satan se pwensip mal.

Nap eseye plis fokis sou moun, paske nap genyen plis posiblite pou avanse sou li.

 

Kiyès moun ye?
Genyen diferan apwòch ki esplike orijìn moun (kijan moun kreye). Nenpòt nan apwòch sila yo ou aksèpte, sa ki sèten ou konnen moun konpoze pou pi piti avèk 2 eleman: kò e lespwi.
Kò an nou kapab di se matyè an, sila nou wè an e lespwi an se sila lè li prezan nan kò an ki bay kò an lavi an. Se tankou yon fè pou repase avèk kouran. San kouran, fè pou repase an pa itil anyen e tou dirabilitel e kalite sèvis li genyen pou ofwi an depan de kalite kouran kap alimantel lan. Sa kouran an pou fè pou repase an, se menm sa lespwi an ye pou kò moun.

Lespwi moun nan kòmanse genyen yon ansanm de eleman ladan depi byen avan kò an rive sou late, si nal refere nou avèk konsèp *Carl Gustave Jung* lan ki se aketip, kote li prezante e esplike memwa ansestral lan (yon ansanm de enfòmasyon ki enkane nan chak espès depi plizyè milenè).
Sèvo moun, se youn nan eleman ki pi konplèks nan tout linivè e jiskaprezan okenn syantifik poko ka rive sènel e konnen kijan pou rive ekplwatel menm a 50%, diferan dekouvèt nan newoloji yo kapab esplike sa tou.

Nan tout detay sila yo, li enpòtan pou nou note yon enfòmasyon klè, lespwi moun nan okipe pa 2 gran fòs, 2 gran chofè, youn rele byen, lòt lan rele mal. Ki vle di, an pèmanans moun nan twouvel nan mitan byen avèk mal, e nan anpil sitiyasyon, chwa moun nan pwal fè an depan de ki aksyon ki ap pote yon satisfaksyon swa pou li (pèsonèl), swa pou goup osinon klas li fè pati de li. E se la tou ki pwal bay nesans a yon seri de kategori moun ke nou rele mechan.

Se entelijans ki bay moun posiblite pou antre nan yon laboratwa, kreye yon viris pou tiye yon kantite moun, asireman ou pwal di moun sila se yon mechan. Men pou moun ki poze aksyon an, nan moman li pozel lan, li oryante nan enterèl osinon nan enterè goup/klas li. Plizyè akò e pwotokòl siyen pou pwoteje anviwònman an, pou redwi aktivite kap rann lavi difisil sou latè, men sa pa anpeche genyen goup ki pa deside antre nan lojik sa.

Yon goup moun chita planifye yon masak, Dye pa anpeche yo, e yo rive poze aksyon an.
Plis pase 2 mil lane depi moun ap konbat satan, satan rete la byen vivan e moun sila yo ap mouri.

Poukisa ou deside bay satan responsab oswa di paske se te volonte dye olye ou deside antre nan yon lojik pouw chita fyaloge avèk enmiw lan? Poukisa ou fè silans fas a yon seri de ti bagay piti vwaw tap ka pase poutan ou toujou pare pou defann yon Dye ki gen kapasite pou pwan defans tèt li? Poukisa ou poko vle konpwann latè sou kontwòl moun e moun sou kontwòl byen avèk mal?

Si moun nan genyen anndanl byen avèk mal, ou kapab edel rive fè ekilib lan lè ou wè li vle rete nan yon sèl bò.

Li enpòtan pou ou konnen se pa ni paske Dye enpisan osinon satan toupisan ki koz yon seri de mal ap rive, men pito se paske moun gen pouvwa pou chwazi fè byen osinon mal. Chak grenn moun ou kontre te genyen ladan 2 grenn ki te plante, youn se byen e lòt lan se mal. Ou ka toujou anvi konbat satan, se yon bèl demach. Men ki kote satan an chita?

Satan enstalel nan move lanvi, move lide, panse negatif ou genyen kont frèw, kont sèw lan. Sila ki fèw santi ou mal lèw wè yon pwòch ou sou wout pou fè siksè an. Sila ki fè menmsi li ta va pi bon, men depi se pa ou menm ki dil li pa bon an. Sila ki fè ou kontan pou pale de konbyen milyon Messi, Ronaldo oswa Mbappe genyen san ou pa pote lanvi sou li poutan ou mal dòmi lè se frèw osinon zanmiw lan ki ap jwi de rezilta travay e kouraj li. Konbyen fwa satan pwan zàm pou al fè masak? Konbyen fwa satan bay yon moun yon kout poud osinon yon pwazon? 

Pou Bondye tou, ou kwazel nan yon lopital deja? Mwen pa kwè repons lan va wi. Men se moun parèy nou nou toujou wè, pafwa sante (fizik e oswa mantal) yo konn afekte nan pote lasistans a lòt moun. Si nou gade mesyedam ponpye yo, souvan ki konn pèdi lavi yo nan chache sove lavi lòt moun. Pafwa yon moun ap eseye andòmi tristès pal pou pote lajwa nan lavi yon lòt moun. 

Se enpòtan pou nou plase moun nan plas li, lè sa moun nan va rive konsyan de responsablitel li genyen premyeman anvè tèt li, answit anvè egzistans moun sou latè. Moun nan pwal rive an mesi pou fè ekilib ant 2 fòs sila yo pa sèlman pou byennèt li, men pou byen kominote an. Moun va rive konnen ke aksyon yo genyen yon konsekans e se moun ki poze aksyon an ki responsab konsekans lan. Nap rive dekouvwi e eksplwate potansyèl pozitif ki genyen nan espès moun.

 

Avèk ki satan ou pwal goumen?

Sila ki anndanw lan oswa sila ki responsab tout mal ki fèt yo?

Reponn nou nan yon kòmantè!

 

Garry Fleurimond

Okap Ayisyen, Ayiti

25 mas 2023

garryfleurimond@gmail.com

 

 

Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :