Priyè Bookman nan
Lannwit 14 pou louvwi 15 dawou 1791
Bondye ki fè solèy ki klere nou anwo
Ki soulve lanmè, ki fè gwonde loray,
Bondye la zòt tande kache nan yon nyaj,
E la a, li gade nou, li wè tou sa blan an fè.
Bondje blan an mande krim e pa nou an vle byenfè.
Men Dje pa nou an ki si bon òdonnen nou vanjans.
Li va kondui bra nou, li va ban n asistans.
Jete pòtre Dye blan an ki swaf dlo nan je nou.
Koute lalibète ki pale nan kè nou tout.